Word of the Day | Mo Jodi a

March 5, 2023

Finally, the father consented to the marriage.

Nan dènye moman, papa a konsanti pou maryaj la fèt.

Stories | Istwa

Mice

Konpè Chen Ak Manzè Kaw

Yon bon maten, apre solèy la te fin leve,  yon chen t ap  mache pran sant tout kote pouli  wè si li ta jwenn yon ti bagay pou pase nan bouch li. Se lè sa a li te wè yon kaw ki chita sou branch yon pye bwa sou tèt li. Se pa premye fwa li te wè yon kaw nan vi li. Men, fwa sa a li te kanpe li ap adore kaw la  paske li te gen  yon moso vyann bèk li. 

Chen an te di nan tèt li, « Woy ! M  sove! Gade kijan m  pral jwenn repa mwen maten an. »

Li twote anba pye bwa kote kaw la te chita a, epi li rele « Bonjou bèl kreyati ! »

Kaw la panche tèt li yon bò ap gade chen a sispèk-sispèk. Men li sere moso vyann la byen sere nan bèk li epi li pa reponn.

Chen an di konsa « Ala bèl ou bèl ! Ou pi bèl pase lakansyèl. Plim ou yo swa. Yo klere tankou dyaman. Zèl ou yo gen yon bèl fòm. Ou ta di se yon zanj ! Yon bèl zwazo konsa ta dwe gen yon bèl vwa tou, paske ou san defo.  Si li te chante yon sèl chan, m konnen m t ap bese byen ba devan li kòm rèn tout zwazo yo. »

Pandan chen a t ap achte figi li, Kaw la te bliye li ta dwe sispèk Chen an, epi li te bliye manje ki te nan bèk li a tou. Li te tèlman anvi yo rele li Rèn Zwazo yo. Li louvri bèk li men lajè epi li pete rele, «Kaw ! Kaw ! ». Moso vyann la te sot tonbe nan bouch li epi li tonbe nan bouch Chen an tou dwat.

Chen a di konsa « Mèsi, makomè. Se sòt ki bay, enbesil ki pa pran. Malgre ou gen yon vwa krapo, ou gen yon vwa kanmenm.». Epi l ap fè wout li. 

Atansyon ak moun ki ap flate ou, se yon pyèj yo ap mete nan chemen ou.

Read more | li plis

Kòdenn ki te Ponn ze lò a

Te gen yon madanm ki te gen anpil chans. Èske w vle konnen pou ki sa? Li te gen yon kòdenn ki te ponn yon ze lò chak jou Bondye mete. Chak maten,  li leve li al gade nan nich la, kòdenn a te ponn yon bèl ze lò ki te klere tankou lalin.

Madanm nan te pote ze yo vann nan mache epi nan detwa jou, li te kòmanse rich. 

Men yon jou, li te chita nan galri a ak dlo nan je pandan l ap konte konbyen kòb li genyen. 

Mari li vin chita bò kote, li pase men nan tèt li, li di, « Poukisa w ap kriye konsa, cheri? ».

Li reponn, «Vye kòdenn sa a m gen la a ponn yon sèl ze pa jou.»

« Bon sa w gen w cho konsa ? Ou pa ka tann ? » Mari a leve li pati. 

Nan demen maten, anvan solèy leve, manzè soti ak yon kouto nan men li. 

Pandan l ap mache, li di, « M pral fann vant li epi pran depi se grenn ki genyen. »

Li ale li rale kòdenn nan nan kou,  li fann vant li.

Lè li gade anndan vant kòdenn nan. Li leve kòdenn nan li frape li atè bow epi  li tonbe ap rele anmwe. Mari a menm li kouri soti. Li mande, « Sa k gen la?»

Madanm nan reponn, « M fann vant kòdenn nan, m panse m t ap jwenn ze ladan. Men, m pa jwenn yon grenn ze. »

Mesye a souke tèt li pandan li ap gade Kòdenn nan k ap bat atè a, li di  « M te pale w.  Kounye a ou pèdi ni sak ni krab. »

Aprann kontante ou ak sa ou genyen. 

Read more | li plis
Cow

Store | Boutik

Monthly Subscription

monthly subscription

Buy now
The Ugly Duckling

Most of us have probably heard of this story as this is one of the most popular fairy tales in the world. The story revolves around a duckling who from the moment of his birth has always felt different from his siblings. He was always picked on because he didn’t look like the rest of them. One day, he had enough and ran away from the pond he grew up in. He wandered near and far looking for a family who would accept him. Months passed and seasons changed but everywhere he went, nobody wanted him because he was such an ugly duck. Then one day, he came upon a family of swans. Upon looking at them, he realized that during the months he spent looking for a family to call his own, he had grown into a beautiful swan. Now he finally understood why he never looked like the rest of his siblings because he isn’t a duck but a swan.Nan tan ginen, yon ti bouk te fin kraze nèt apre yon goudougoudou te fin pase. Tout abitan te blije mare pakèt yo kite bouk la. Sèl sourit yo ki te deside rete la pou yo viv. Te gen yon gwo basen dlo tou pre bouk la. Se la yon bann bèf te konn ale pou yo benyen ak bwè dlo. Chwa fwa yo pase bò kay sourit yo, bèf yo te konn pilonnen sourit yo. Pòdjab sourit yo, lè konsa tout sourit se te dlo nan je. Apre anpil sourit te pati nan peyi tèt san chapo, sourit yo te di yo bouke atò. Wa Sourit te leve li ale kote Wa Bèf epi li di,

Buy now
pop

This is Subscription

Buy now

Features |Karakteristik

VOCB Haitian ProverbsPawòl Granmoun
English
Haitian Creole
Bat chen an, tann mèt li.
Byen mal pa lanmò.
VOCB DictionaryDiksyonè
English
Haitian Creole

Creole Facts | Koze Kreyòl

The Lion and the Poor Slave

There was once a slave who was treated cruelly by his master. One day, he couldn’t take it anymore and ran away to the forest to escape. There he chanced upon a lion who couldn’t walk because of the thorn in its paw. Although he’s scared, the slave mustered his courage and took out the […]

Learn more

I Frame Sports

Previous: Solar System

Learn more

I Frame Solar system

Previous: In the living room Next: Sports

Learn more

Translation Services

We specialize in Haitian Creole translation services.
Get 15 years of affordable Haitian Creole translation expertise to work for you.

Loc:

4957 Oakton Street Suite 203 Skokie, IL 60077