Press ESC to close

Ki kote mo Dawome a soti?

Èske w te konnen Repiblik Benen te rele Repiblik Dawome (ou Dawomen) anvan lane 1975 ?

Benen ki gen non ofisyèl li ki se Repiblik Benen se yon peyi nan Lafrik de Lwès ki te rele Dawome jiska lane 1975. Repiblik Benen te pran endepadans li nèt 1ye out 1960 sou non Repiblik Dawome.

Anvan dominasyon kolonyal la Repiblik Benen te konpoze ak plizyè wayòm ki te endepandan: Wayòm Bariba nan nò epi Wayòm Pòtonovo ak Dawome nan sid. Nan fen 19zyèm syèk la kolon fransè yo te chwazi non Dawome a pou tout teritwa a epi se li ki pral vin tounen Benen. Non Benen an sòti nan non yon bè ki gen menm non an.

Fransè se lang ofisyèl Repiblik Benen, men chak gwoup etnik gen pwòp lang pa yo. Lang yo plis pale yo se Fon ak Gen (Mina), Bariba, Yowouba ak Dendi.

Repiblik Benen gen plizyè relijyon men pifò moun ki kretyen oswa mizilman melanje kèk eleman nan kwayans tradisyonèl nan pratik yo. Chak gwoup etnik yo gen pwòp tradisyon pa yo ki souvan gen enfliyans fransè.

Anviwon 70% pousan popilasyon Benen an depann sou agrikilti ak Lapèch pou yo viv. Yo pwodui yanm, kasav, mayi, pwa ak diri.

Gen divès kalite zannimo tankou elefan, leyopa, lyon ak makak. Gen plizyè bèt volay tankou pentad ak kana sovaj.

@Creole Solutions on Instagram
This error message is only visible to WordPress admins

Error: No feed with the ID 1 found.

Please go to the Instagram Feed settings page to create a feed.