Bon non li Cécil Attiman Epòk li te fèt Dizuityèm syèk, sou tan lakoloni Kote li te fèt Sendomeng (Ayiti) Dat li mouri Diznevyèm syèk, li te gen 112 lane Kote li te mouri Okap Poukisa yo konnen li Manbo nan seremoni Bwa Kayiman an Non mari li Jean-Louis Michel Pierrot Non pitit fi li Marie Louise Amélie Célestina Pierrot Sesil Fatiman se pitit yon fanm afriken ki rele Celestina Coidavid ak yon blan. Yote vann li menm ak manman l kòm esklav nan Sendomeng. Marie Louise Coidavid madanm wa Kristòf se gran sè l. Yo pa t menm papa. Marie Louise fèt Sendomeng, papa li rele Melgrin ki se mèt Otèl “La Couronne”. Kristòf te travay nan otèl la avan li te vin mèt li. Sesil te gen yon lòt sè ak de (2) frè : Louise Geneviève Melgrin, Jean Bernadine Sprew ak Noele Coidavid.
Wa Kristòf te fè Sesil Fatiman pwensès. Li se madanm prezidan Jean Louis Michel Pierrot. Yo te gen yon pitit fi ki rele Marie Louise Amelie Celestina Pierrot. Li te madanm prezidan Pierre Nord Alexis yo te rele tonton Nò. Pa bliye Nord Alexis se te pitit pitit wa Kristòf.
Siyati Coidavid la ta va soti nan Coidavie epi zansèt yo nan koloni an ta sèjan Jacques Coidavie. Selon yon sètifika sèvis militè li ta fet Sendomeng an 1737.
Epi non Fatiman an ta yon defòmasyon Attiman ki ta soti nan branch papa l ki te soti nan Kòs (Corse). Fok nou pa bliye koloni yo te plis gen tradisyon oral sa ki chanje anpil mo tankou “sans culture vin sankoutcha”.
Kèk resanblans fè remake atachman Kòs nan lavi Sesil ak Marie Louise. Toudabò, foto ofisyèl wa Anri Kristòf gen menm pòz ak foto Théodore 1er Wa Kòs : Men nan do, yon baton, yon flè sou kè. Sa ta sanble touch rèn Marie Louise Anri.
Answit rèn Marie Louise chwazi ale an Angletè epi Itali aprè fen wayom nan. Yo te byen resevwa l.
Paske li rele Fatiman, anpil moun panse li te yon mizilman. Selon sa istoryen Étienne Charlier rapòte, Jeneral Pierrot Benoît Rameau, ki se desandan prezidan Pierrot, temwaye grangrann li, Sesil Fatiman, se yon manbo li pa t mizilman. Li eksplike relijyon mizilman pa t ap bay yon fanm tout pouvwa sa a epi zafè kochon an pa t ap posib.
Manbo Sesil Fatiman
Nan seremoni Bwa Kayiman nan lannuit soti 14 pou rive 15 out 1791 tout pitit Lafrik ginen yo te rasanble pou yo jwenn yon mannyè pou fini ak sistèm lesclavaj la epi libere Sendomeng. Se nan Bwa Kayiman revolisyon Sendomeng lan te deklanche. Houngan Diti Boukmann te konvoke tout chèf revolisyonè yo. Li te gen ak li yon gwo manbo ki rele Sesil Fatiman. Nan mitan seremoni an Fatiman abiye toudeblan sakrifye yon kochon nwa. Nan yon wonn tout patisipan yo bwè nan san kochon an tou cho. Ak kominyon sa a tout nèg yo sèmante pou yo swiv lòd Boukmann epi revòlte pou libète. Se nan seremoni sa a Boukman te pwofetize moun k ap chèf revolisyon an se Jan Franswa Papiyon, Jòj Byasou ak Jano.
Dapre Heratd Dumesle, Sesil Fatiman te gen 16 lane an 1791 donk li fèt an 1775, li mouri Okap an 1887 nan laj 112 lane.
Cécil Attiman: Manbo ki te sonnen lanbi revolisyon an
Previous Post