Press ESC to close

Tousen Louvèti: Achitèk libète Ayiti a

Tout non liFrançois-Dominique Toussaint Louverture
Dat li te fèt20 me 1743
Kote li te fètSendomeng (ki rele Ayiti jodiya) sou abitasyon Breda nan rejyon Kap Fransè (ki rele Kap Ayisyen jodiya)
Dat li mouri7 avril 1803
Kote li te mouriFòdejou, Doubs, Lafrans
OrijinBenen
TitLidè nan revolisyon Sendomeng  lan, Jeneral, Gouvènè Sendomeng
Poukisa yo konnen liLi te dirije revolisyon Sendomeng lan kont kolon franse yo.
LevasyonLi te fèt nan esklavaj epi li te aprann li ak ekri. Yo te libere li lè li te nan trantèn li.
Travay liOkòmansman, li te kore panyòl yo kont franse yo, apresa li te chanje kan li ale sou bò franse yo lè yo te pwomèt li yo t ap libere moun ki te nan esklavaj yo. Li te dirije leve-kanpe kote yo te aboli esklavaj an 1993.
Kidnaping ak lanmòSòlda franse yo te kidnape li an 1802, yo te depòte li an frans, epi li te mouri an 1803.
EritajYo konsidere li kòm yon senbòl batay pou liberasyon Ayiti, epi youn nan moun ki te trase chimen pou kwape esklavaj.

Nèg sa se yon nasyon pou kont li.

Se sa Alphonse de Lamartine te di sou Tousen. Li entelijan, li karismatik, li kwè nan libète. Li prezante tèt li li menm : Mwen rele  Tousen Louvèti. Mwen sèten ou tande non sa a  deja. Mwen angaje m nan batay pou ras mwen. Mwen vle libète ak legalite blayi nan Sendomeng. M ap travay pou sa.Non Tousen sèlman vle di otorite. Otorite l chita sou lajistis. Tousen sevè men li pa enjis. Lajistis leve yon nasyon.

 Li fèt nan lesklavaj jou ki te 20 me 1743, nan Sendomeng. Men sa pat anpeche li vin yon vanyan gason nan revolisyon Sendomeng lan, premye levekanpe nan limanite kote yon gwoup esklav  te rache libète yo.

Pitit pitit yon wa afriken

Tousen se pitit pwens Filip pitit yon wa afrik ki rele Gawou Ginou. Plasid Louvèti, ki te pitit adoptif Tousen, fè konprann se pwens Filip menm ki te Gawou Ginou an. Li te nan lagè ak frè l pou eritaj  ki kaptire l epi vann li kòm esklav. Antouka lè Tousen te yon ti jenn gason, li t ap travay kòm esklav nan bitasyon Breda a. Men, li te gen plis chans pase lòt esklav yo paske li te “nèg kay” sa ki vle di esklav domestik epi mèt li kite parenn li, Pyè Batis,  montre l  li ak ekri lè li te gen karantan. Tousen te fouyapòt, li te renmen panche zòrèy li pou l koute konvèsasyon nan salon mèt li, li jounal ki soti nan Metwopòl epi  li nan tout gwo liv sou dwa moun ki  tonbe anba je l. Se konsa li te vin okouran tout sa k ap pase  Se nan limyè tout sa li aprann li chwazi pwogram batay li. Pou li tout moun se moun, pa gen moun pase moun. Moun pa gen dwa mèt moun. Se zannimo ak byen materyèl ki gen mèt.  

Byen bonè li te doktè fèy pou ede malad yo nan bitasyon Breda. Gason pat gen gwo kò, se pou sa yo te ba li ti non fatra baton men pèsonn pa t ka manyen baton pase l.

Tout nèg serye nan koloni an te gen dwa gen yon jaden (plas) pou nouri fanmi li. Tousen te gen yon jaden kafe. Premye jès li fè lè li vin lib se libere moun ki te sou bitasyon li an.

An 1776, nan laj trannntwazan (33), Tousen te lib paske l te fè prèv yon bon travayè, yon bon mari, yon bon papa. Li te deja gen twa pitit ak premye konpay li Sesil. Se te Tousen, Gabriyèl ak Marimat. Li te vin gen apresa de (2) lòt pitit ak Sizàn Simon Batis, Izarak ak Senjan. Tousen te adopte premye gason Sizàn nan ki se Plasid.

Tizon dife revolisyon an

Tousen te konnen libète se pa sèlman lè ou ale kote ou vle lè ou vle men se lè ou granmoun politikman, sosyalman, ekonomikman. Li pral travay di pou sa. Nan lannuit 14 pou louvri 15 out 1791, Boukman fè yon gwo seremoni nan Bwa Kayiman ki twouve l nan Mònwouj toupre Kap franse. 22 out 1791 esklav yo levekanpe kont kolon franse yo nan tout plèn Nò a. Se la revolisyon Sendomeng lan te tanmen. Tousen te rekonesan li ede ansyen mèt li a chape . Men, li rejwenn rebèl yo paske li te kwè nan libète tout esklav. 

Tousen se yon bon obsèvatè li gade tou patou kote li ka jwenn sipò pou koz la. Lespay te vle afebli revolisyon franse a li chwazi manyen Lafrans nan Sendomeng paske se koloni ki te pi rich. Lespay ofri rebèl yo soutyen li an 1793 epi l nonmen Tousen lyetnan jeneral.

Yon nèg bwav ki pa pè danje

Tousen se  yon nèg bwav ki pa pè danje. Li te tèlman entèlijan nan detantwamouvman li rive mete kanpe  yon lame 4 000 solda nan kan Lespay la. Li konn batay. Chak batay li fè kont lennmi li yo, se louvri ba li pase. Se sa ki fè yo te vin rele li Tousen Louvèti. Lè Lafrans aboli lesklavaj 4 fevriye 1494 li chanje kan. Paske lame Tousen an  te tèlman move, pisan, yo te vin wè nesesite pou yo nonmen l lyetnan gouvènè Sendomeng an 1796 epi yon lane apre, 1797, kòmandan an chèf Lame a . Se premwe gwo eksplwa yon ti nèg nwè nan listwa yon koloni.

Gouvènè Sendomeng

Distans nou rive an 1801 Tousen pran grad jeneral, konsa li deside mete baz pouvwa politik li, li bay koloni a yon konstitisyon pou afime otonomi li epi Tousen pwoklame tèt li Gouvènè avi. 

Tousen te yon dlplomat ki gen nen fen. Li santi, li wè evènman yo avan yo rive. Li te gen sans antisipasyon. Li negosye ak Britanik ak Panyòl yo ki te enterese nan koloni an. Li travay pou mete ekonomi an sou pye. Li goumen pou moun yo te ka retounen travay nan bitasyon yo nan pi bon kondisyon epi li  ede rebati kay ak wout nan koloni an. Li pwomèt zafè esklavaj la ap fini men li pa vle yon peyi plen “vagabon” k ap flannen tout lajounen. Travay se motè libète 

Batay pou libète tout esklav

Vizyon Tousen te depase fontyè Sendomeng. Li te vle kwape esklavaj nan koloni panyòl ki te Santo Domingo (ki rele Repiblik Dominikèn jodiya) pou asire tout esklav tout zile a te lib. Gras ak jefò li yo, te gen anpil pwogrè nan objektif li a. Sa te siprann Bonapat ki wè Tousen deside fini ak eksplwatasyon moun epi trete egal ego ak li.

Trayizon ak pyèj

An 1802, Napoleyon Bonapat, ki te anperè Lafrans, voye yon lame 25 000 sòlda  pou reprann kontwòl koloni an, arete Tousen epi retounen ak lesklavaj. Tousen reziste, men koloni se tè trayizon. Li depoze zam an me 1802, li retounen sou abitasjon jòj nan Enneri. Sou zòd Bonapat, Leklè mande jeneral Brinè pou arete Tousen. Jeneral Brinè envite l pou yo fè konesans. Se konsa li arete Tousen 7 jen 1802.

 Yo  mennen li an Frans ak tout fanmi li. Yo separe yo epi yo mete l nan prizon Fòdejou anba move kondisyon nan mwa out 1802.

Eritaj

Tousen  mouri nan prizon jou ki te 7 avril 1803, men eritaj li toujou vivan, paske li pa te janm sispann goumen pou endepandans tout ayisyen. Anvan l monte bato ki t ap mennen l an Frans lan, li deklare pawòl sa yo k ap rezonnen toujou nan tét chak grenn ayisyen : “Lè yo ranvèse m, se sèlman chouk bwa libète a yo koupe; l ap repouse ankò nan rasin yo paske yo anpil epi yo fon.”  Li kwè batay pou libète a t ap kontinye menm apre lanmò li. Epi vrèman vre, lidèchip li ak revolisyon an te ede trase chimen pou endepandans Ayiti, ki te selebre 1ye janvye 1804. Tout moun sonje Tousen kòm yon senbòl kont sistèm ki t ap peze souse zansèt nou yo, yon papa Endepandans Ayisyen, epi yon potorik gason nan istwa dwa moun.

Lavi Tousen plis pase yon istwa pou libète; se yon temwayaj ki montre pouvwa ki genyen lè ou kwè nan diyite ak dwa tout kretyen vivan sou latè beni. Eritaj li kontinye enspire moun nan kat (4) kwen mond lan nan batay kont lenjistis ak koz pou libète ak egalite. 

Tousen se yonn nan ewo revolisyon Sendomeng lan ak yonn nan senbòl moun ki bay lavi l pou abolisyon lesklavaj. 

@Creole Solutions on Instagram
This error message is only visible to WordPress admins

Error: No feed with the ID 1 found.

Please go to the Instagram Feed settings page to create a feed.