Press ESC to close

Yon prens ki te tonbe nan esklavaj Ayiti

Lè y ap rakonte nou istwa Toussaint Louverture, souvan nou tande Toussaint se te pitit pitit Gawou Ginou yon Afriken,  ki li menm te fèt nan Wayòm Dawome, nan fanmi wayal Alada. Men kiyès ki te Gawou Guinou?

Gawou Ginou se te yon prens afriken, gen moun ki di li te vin wa Alada ak Fon yo. Menm si sous yo pa sèten, istwa a rakonte se pwòp frè li ak madanm li Aittta ki te pran l nan pyèj epi voye l nan esklavaj an Ayiti nan lane 1724.

Daprè tradisyon oral ayisyen an papa Gawou Ginou ki te rele Soso oswa Gawou Ginou te mouri kite de (2) pitit gason ki te rele Hussar ak Gawou Ginou II. De (2) frè sa yo t ap goumen pou pouvwa. Gawou Ginou te pran tèt Wayòm Ardra yo te konn rele Wayòm Alada tou. Hussar li menm t al fè alyans ak yon lòt wa nan wayom Dawome pou li te batay kont frè li a, li te genyen epi li te kaptire epi vann Gwaou Ginou II kòm esklav. 

Se konsa Gawou Ginou ta pral ateri an Ayiti ak premye madanm li Aguia yo ta pral rele Catherine nan koloni a, li ta pral gen yon nouvo madanm epi gen yon nouvo fanmi. Toussaint se desandan fanmi sa a. Menm si li te esklavaj Gawou Ginou te jwi kèk privilèj nan limit abitasyon an, li te gen yon pòsyon tè epi li te gen men dèv afriken ki t ap travay sou li.

Si nou konprann istwa a, menm si enfòmasyon yo konn diferan paske nan epòk sa a tradisyon an te plis oral. Toussaint Louverture se te desandan yon wa ki soti nan wayom dawome (Benen) ki ateri nan Sen Domeng paske yo te vann gran papa l nan esklavay.

@Creole Solutions on Instagram
This error message is only visible to WordPress admins

Error: No feed with the ID 1 found.

Please go to the Instagram Feed settings page to create a feed.