CREOLELINK® · APRANTISAJ AN DIRÈK

Rankont aprantisaj chak semèn

Rankont sa yo se yon espas pou pratike sa w ap aprann sou CreoleLink®, poze kestyon, resevwa sipò epi ede nou konprann bezwen reyèl aprenan yo pandan n ap kontinye devlope kou yo.

Premye rankont: dimanch 7 fevriye 2027.
Premye rankont lan ap gen yon ti evalyasyon pou ede nou konprann nivo, objektif ak bezwen aprenan yo.

Rankont dimanch

Chak dimanch, midi–1:30 p.m., apati 7 fevriye 2027. Pou manm CreoleLink yo, sou Zoom, ak Marleen ak Jasmin. Pratike kreyòl epi pale sou nouvo leson ak atik yo.

Klib lekti: chak madi

Chak madi, 6–7 p.m., apati 2 fevriye 2027. Pou manm yo, sou Zoom, ak Marleen Julien. Li ansanm epi pataje lide ak kesyon sou liv la.

Boukantay pou tout moun

Evènman piblik anviwon chak twa mwa. Dat ki konfime pou 2027 yo se 24 janvye ak 16 me, 10 a.m.–1 p.m. N ap anonse lòt dat yo.

Tout lè yo se lè Chicago (CT). Lè a suiv chanjman sezon yo. Lè gen yon Boukantay piblik nan dimanch, li ranplase rankont manm yo. Donk, pap gen rankont manm apa nan dat 16 me 2027.

Gade kalandriye a epi enskri →

Kijan sa konekte ak kou yo?

Kat pwogram apwofondisman yo gen preview gratis. Nouvo leson ap pibliye chak dimanch apati 24 janvye 2027. Rankont an dirèk yo ede aprenan yo pratike epi ede ekip CreoleLink® amelyore aktivite, egzanp ak sipò yo selon sa n ap aprann nan men kominote a.

Ale nan Akademi CreoleLink® →