CREOLELINK® · AKADEMI · ÒTOGRAF

Ekri Kreyòl San Konfizyon

12 règ òtograf · Pratik · Koreksyon

Ou pale kreyòl deja? Aprann sèvi ak règ òtograf yo pou ekri ak plis presizyon. W ap aprann pale? Koute son yo, repete yo, epi aprann ekri yo.

Apply the spelling rules, recognize common errors, and learn to write Haitian Creole with greater confidence.

Dekouvri 12 règ yo ↓
✍️ Òtograf👂 Koute son yo📝 Egzèsis ak koreksyon

CHEMEN APRANTISAJ · COURSE ROADMAP

12 règ n ap pratike ansanm

Eksplore 12 règ òtograf yo ak egzanp ki montre kijan yo mache.
01

Règ 1 — W devan vwayèl won

Devan o, ò, on ak ou, itilize W.

wo · wòb · won · wou
02

Règ 2 — Chak mo ak espas pa l

Nou ekri chak mo ak yon espas ki separe l ak lòt yo.

M ap mande l pou l vin ede w.
03

Règ 3 — Pa M devan P ak B

Pa mete M devan P ak B lè son an se an, en oswa on.

anpil · kenbe · konpa
04

Règ 4 — Son S ekri ak S

Pou reprezante son S la, sèvi ak grafèm S.

sèn · nasyon · sosyal
05

Règ 5 — Son K ekri ak K

Pou reprezante son K a, sèvi ak grafèm K.

kat · boutik · kizin
06

Règ 6 — Nanpwen lèt bèbè

Aprann koute epi ekri chak son ki parèt nan mo a.

piti / pitit · soup / soupe
07

Règ 7 — Yon digraf reprezante yon sèl son

AN ak EN se grafèm diferan. Chak reprezante yon sèl son nazal.

maten · jaden · renmen
08

Règ 8 — EN ak IN pa menm bagay

Pa kopye IN franse a kote òtograf kreyòl la mande EN.

san / sen · pan / pen
09

Règ 9 — J ak G se de son diferan

J ak G toujou reprezante de son diferan.

ji / gi · jou / gou
10

Règ 10 — Kote R a pase?

Nan anpil mo, son R franse a pa parèt nan fen silab kreyòl la.

padon · jou · dakò
11

Règ 11 — Pale jan pa w, ekri selon règ yo

Nou ka pale ak varyasyon; lè n ap ekri, nou suiv règ òtograf estanda.

ji · lè · plis · meni
12

Règ 12 — Pa kopye EU / U franse a

Pa kopye otomatikman grafi EU oswa U franse a. Atansyon: U egziste nan òtograf kreyòl 2023 a kòm demi-vwayèl /ɥ/.

ji · lè · plis · dokiman

POU REVIZYON · EDITORIAL PREVIEW

12 mini-leson pou revize

Nou prepare 12 leson ak eksplikasyon, egzanp, egzèsis, ak sipò an angle. Yo se brouyon jiskaske nou fin revize kontni yo. · Twelve lesson drafts are ready for editorial review; they are not yet student-facing.

Atansyon: Règ 1–5 ak Règ 12 suiv plan anvan an pou kounye a. Nimewotasyon ak sijè Règ 6–11 yo baze sou nouvo karousèl yo. · Rules 1–5 and 12 remain provisional.

Referans ofisyèl · Official reference

12 règ ki nan kou sa a se yon chemen pedagojik CreoleLink®; yo pa menm ak nimewo dispozisyon ofisyèl Akademi Kreyòl Ayisyen an. Nou sèvi ak Premye Rezolisyon (2017) ak Dezyèm Rezolisyon (2023) kòm referans pou revizyon. Nan ka kontradiksyon, rezolisyon 2023 a gen priyorite.

These twelve lessons are a CreoleLink teaching framework, not the official numbering of AKA’s dispositions. The 2023 resolution takes precedence where it differs from 2017.

Ki chemen ki bon pou ou?

Si w pale kreyòl deja: ou ka konsantre sou Ekri, Pratike ak Korije.

Si w ap aprann kreyòl: kòmanse ak Koute ak Pale, epi kontinye ak Ekri.

METÒD APRANTISAJ

Yon kou pou pratike toutbon.

Koute, pale, ekri epi korije: kat fason pou devlope kapasite w nan òtograf kreyòl.
01 · KouteDistenge son yo
02 · PaleRepete epi koute tèt ou
03 · EkriAplike règ òtograf yo
04 · KorijePratike ak fidbak