Pi bon mwayen pou w benyen nan lang kreyòl la, se lè w chèche konprann kilti pèp ayisyen an.
Lang lan charye istwa, tradisyon, kwayans, senbòl ak eksperyans pèp ayisyen an.
Nan Kafou Konesans, ou pral sèvi ak lang kreyòl la pou w dekouvri moun, espas, evènman ak lide ki ka ede w konprann Ayiti pi byen.
Nou pral eksplore yon sijè alafwa. W ap li, koute, obsève, reflechi epi diskite. Pandan w ap devlope konesans jeneral ou, w ap aprann eksprime lide ou yo pi byen an kreyòl.
