Current Status

Not Enrolled

Price

Free

Get Started

Nan Jaden Amoni, chak kont se yon pòt ki louvri sou lang kreyòl la.

Ou pral gade, koute, aprann nouvo mo, li, pale, reflechi, epi sèvi ak Kreyòl pou rakonte pwòp lide ak eksperyans pa w.

Pandan w ap mache nan jaden an, ou pral aprann konprann plis nan sa ou tande ak li, devlope vokabilè ou, epi vin pi alèz pou pale Kreyòl ak pwòp vwa pa w.

Ou pa bezwen konprann chak mo depi nan kòmansman. N ap sèvi ak istwa, imaj, odyo, vokabilè, ak aktivite pratik pou ede ou dekouvri konbyen Kreyòl ki deja nan tèt ou — epi bati sou li, yon etap alafwa.