Ou deja pratike sèvi ak AP pou di sa yon moun ap fè kounye a. Nan etap sa a, ou pral ekri fraz pa w.
You have practiced using AP to say what someone is doing right now. In this step, you will write your own sentences.
Mete AP apre moun oswa bagay k ap fè aksyon an.
Lè w sèvi ak fòm kout yo, ekri pwonon an ak ap separe: m ap, w ap, l ap, n ap, y ap.
map travay
m’ap travay
m-ap travay
m ap travay
Reponn kesyon an ak yon fraz konplè.
Answer the question with a complete sentence.
Panse ak yon moun ou ka wè oswa imajine. Ekri sa moun nan ap fè kounye a.
Think of someone you can see or imagine. Write what that person is doing right now.
Panse ak yon gwoup moun. Ekri sa yo ap fè kounye a.
Think of a group of people. Write what they are doing right now.
Gade sa k ap fèt bò kote w. Ekri de oswa twa fraz pou dekri aksyon yo.
Look at what is happening around you. Write two or three sentences describing the actions.
M ap aprann Kreyòl. Pitit mwen an ap li. De moun ap pale deyò a.
🔒 Repons ou yo rete sèlman sou aparèy ak navigatè sa a. CreoleLink® pa resevwa yo.
Anvan ou fini, reli fraz ou yo epi tcheke chak pwen:
Chwazi youn nan fraz ou yo oswa ti tèks ou a. Prepare w pou li li pandan konbit la.
Choose one of your sentences or your short text. Be ready to read it during the live session.
Ou sèvi ak AP pou pale epi ekri sou aksyon k ap fèt kounye a. Kounye a, ou pare pou verifye sa ou konprann.
