🗣️ Etap 6 · Pale
Pale sou sa k ap fèt kounye a

Nan etap sa a, ou pral sèvi ak AP pou pale de yon aksyon ki ap fèt kounye a.

In this step, you will use AP to talk about an action that is happening right now.

🔑 Sa AP montre

AP se yon makè ki montre yon aksyon ki ankou nan moman n ap pale a.

AP is a marker that shows an action is in progress at the moment of speaking.

M ap aprann Kreyòl.
L ap koute mizik.
Y ap travay.

Sonje ekri fòm kout la ak ap separe: m ap, w ap, l ap, n ap, y ap.

💡 Pa tradui “-ing” mo pou mo

Nan lang angle, yo sèvi ak am, is, are ak -ing nan anpil fraz. Sa pa vle di nou dwe mete AP devan chak vèb an kreyòl.

Yon pozisyon Mwen chita.
I am sitting/I am seated.
Yon aksyon k ap fèt M ap travay.
I am working.

English “-ing” does not automatically require AP in Haitian Creole.

🕐 Kisa w ap fè kounye a?

What are you doing right now?

M ap __________.

Chwazi yon fraz ki vrè pou ou:

👤 Kisa l ap fè kounye a?

What is the person doing right now?

L ap __________.

Chwazi yon egzanp:

👥 Kisa y ap fè kounye a?

What are they doing right now?

Y ap __________.

Chwazi yon egzanp:

🎙️ Koute tèt ou

Di twa fraz ou yo byen fò epi anrejistre yo ansanm. Apre sa, koute tèt ou.

🎯 Sa pou w anrejistre
  1. Yon fraz ak M ap.
  2. Yon fraz ak L ap.
  3. Yon fraz ak Y ap.

Record one sentence with M ap, one with L ap, and one with Y ap. All three actions should be happening now.

🔒 CreoleLink® pa resevwa anrejistreman sa a. Ou ka koute li oswa telechaje li sou aparèy ou.

🔥 Pou konbit la

Prepare w pou reponn kesyon sa a: Kisa w ap fè kounye a?

Be ready to answer this question: What are you doing right now?

✅ Pwochen etap la

Ou pratike AP pou pale de aksyon k ap fèt kounye a. Kontinye nan pwochen etap la pou verifye sa ou konprann.