🧩 Etap 2 · Dekouvri
Kijan AP mache

Ou te remake AP nan plizyè fraz. Kounye a, an nou dekouvri kijan li ede nou pale de yon aksyon k ap fèt nan moman n ap pale a.

You noticed AP in several sentences. Now let’s discover how it helps us talk about an action happening at the moment of speaking.

🔑 AP montre yon aksyon ki ankou

Nou mete AP devan vèb la pou montre aksyon an ap fèt kounye a.

We place AP before the verb to show that the action is happening now.

M ap manje kounye a.

Dwèt li ap senyen.

🏗️ Ki kote AP ale?

AP vini apre moun oswa bagay k ap fè aksyon an, epi li vini anvan vèb la.

Moun nan
+
AP
+
Vèb la
Li + ap + travay → L ap travay.
✍🏾 Ekri fòm kout yo separe

Lè pwonon an vin kout, li pa kole ak ap. Pa mete apostwòf oswa tirè ant yo.

m ap
w ap
l ap
n ap
y ap
Pa ekri:
map travay
m’ap travay
m-ap travay
Ekri:
m ap travay
💡 AP pa tradiksyon otomatik “-ing”

Lang angle sèvi ak -ing nan kèk fraz kote kreyòl pa bezwen AP. Se sans vèb la ak sitiyasyon an ki enpòtan.

Yon pozisyon Mwen chita.
I am sitting/I am seated.
Yon aksyon ki ankou M ap travay.
I am working.
🔑 Sa pou w sonje

Moun nan + AP + vèb la montre yon aksyon k ap fèt nan moman n ap pale a.

Subject + AP + verb shows an action happening at the moment of speaking.

đź§  Verifye sa ou dekouvri

Chwazi bon repons lan pou chak kesyon.

Ki mo ki montre aksyon an ap fèt kounye a?

M ap manje kounye a.

Ki fraz ki ekri kòrèkteman?

Kisa moun yo ap fè kounye a?

🏗️ Pwochen etap la

Kounye a, ou konnen kijan AP mache. Nan pwochen etap la, ou pral sèvi ak modèl la pou bati fraz ak AP.
Now you know how AP works. In the next step, you will use the pattern to build sentences with AP.