English
Haitian Creole
Boil for two minutes then drain in a colander.
Bouyi l pur de minit epi koule l nan yon paswa.
I need a car painter for a used car.
M bezwen yon doukomann pou yon machin dezyèm man.
The girl missed school because she has conjunctivitis.
Tifi a pa te ale lekòl paske li gen azoumounou.
He has no backbone, he always runs away from a fight.
Li pa gen zo rèdlo. Depi gen goumen li kouri.
If you have asthma, this can get worse during pregnancy.
Si ou soufri opresyon, li ka vin pi mal lè w ansent.
His heavy drinking caused him to have liver disease.
Li gen maladi fwa paske li ti konn bwè anpil.
They removed the spleen, liver, and kidneys of the corpse.
Yo te retire larat, fwa, ak ren kadav la.
Sone drug can cause bleeding from the small intestine.
Kèk medikaman ka fè ou senyen nan ti trip la.
If you don't drink enough water, your kidneys can't function properley.
Si ou pa bwè ase dlo, ren ou yo p ap ka fonksyone kòmsadwa
The technician repaired the computer in a jifty.
Teknisyen an ranje òdinatè a trapde.
There were a lot of influential people at the party.
Te gen anpil gwo chabrak nan fèt la.
I am going to a Christmas Eve party tonight.
Mwen prale nan yon reveyon aswè a.
We need intermediary to negociate the deal.
Nou bezwen yon toutè pou negosye afè a.
She quickly responds "Yes?" when they call her.
Li kouri reponn "plètil?" lè yo rele li.
I'm strongly against the president's last declaration.
Mwen kont dènye deklarasyon prezidan an rèdmare.
The people see what the politicians are doing is a sham.
Moun yo wè se madigra politisyen yo ap fè.
A baobab tree can live to be thousands of years old.
Yon pye mapou ka viv plizyè milye ane.