Feb 28, 2020

De (2) Ayisyen ki Make Listwa Ozetazini

(Read this article in English)

Fevriye se Mwa Istwa Moun Nwa nan Rejyon Nò Amerik la. Se istoryen Carter G. Woodson ki te lanse evènman sa a nan lane 1926 pou rekonèt ak selebre reyalizasyon dyaspora afriken an nan listwa Lamerik. Woodson se yon gran save ki te twouve li nesesè pou yo te fè rekonèt kokennchenn kontribisyon moun nwa nan sivilizasyon.

Nan atik sa a, nou pral  onore de (2) moun orijin ayisyen konsekan: papa yon vil ak yon manman lapwovidans.

Anpil nan nou konnen Jean Baptiste Pointe Dusable se yon ayisyen ki te fonde vil ki rele Chikago jounen jodiya. Kwake nou pa konnen anpil bagay sou lavi li avan ane 1770 yo, tout moun dakò li te fèt an 1745 nan zòn Senmak, Ayiti. Li te vwayaje nan rejyon nò Lamerik la ant 1770 ak 1788. An 1788, Dusable te marye ak yon fanm ki soti nan tribi Potawomi a yo rele Kitihawa. Yo te enstale yo nan yon koloni fransè alès larivyè Mississippi a. Mesyedam yo te fè de (2) timoun, Jean ak Suzanne. Epi Dusable te travay kòm yon gran komèsan sou fwontyè a pou okipe fanmi li.

 

Apre Gè Revolisyonè a, msye te enstale ak fanmi li sou rebò nò rivyè a. Se la li te bati yon gran espas pou fè gwo komès ak yon pil bilding li te jere pandan plizyè ane. Grasa jounal pèsonèl lòt kolon ki te sou fwontyè a nan menm peryòd la, nou wè yo te dekri DuSable kòm yon gwo mesye ki te moun tout moun. Epitou, li te yon gran nèg ak yon kay ki te chaje ak mèb. Nan lane 1800, li te vann koloni an ki te kontinye ap grandi. Se poutèt sa, DuSable ak fanmi li te premye rezidan ofisyèl Chikago ki gen ti non jwèt  “Windy City”, oswa Vil Van an kreyòl, nou konnen jounen jodiya. Si w al vizite kote l te konn fè gwo komès la nan North Michigan Avenue nan Vil Chikago jodiya, w ap wè yon estati eskiltè Erik Blome te kreye pou onore DuSable.

 

Kounye a la, nou prale alès pou rive nan Eta Maryland.

Li pa fasil pou jwenn anpil moun ki vrèman charitab, ki gen bon kè tou sou latè epi, Sè Mary Lange se youn nan moun sa yo. Sè Mary Lange te rele Elizabeth Clarisse lè li te fèt an 1784. Paran li te ayisyen epi li te resevwa yon bon edikasyon. Pita nan vi li, se edikasyon sa a li te itilize pou ede sa ki te nan bezwen yo. Li te antre Ozetazini nan kòmansman ane 1800 yo, epi finalman li te enstale li nan Baltimore, Maryland an 1813. Se la Sè Lange te rann li kont lekòl yo pa te ka kenbe ak popilasyon afranchi an ki t ap grandi tankou pèpèt mayi. Kifè, li te louvri youn li menm lakay li.

 

Apresa yo te rekòmande li bay James Nicholas Joubert, yon prèt ki te anseye timoun ameriken nwa katechis, kòm yon moun ki te ka ede li montre timoun yo li. Lange pa te sèlman vle ede, li te di Joubert li te santi yon apèl pou sèvi Bondye, epi li te vle kòmanse yon kongregasyon relijye. Ansanm, yo te fonde Oblate Sisters of Providence, yon kominote kote objektif prensipal yo se te pou bay jenn fi yo yon edikasyon katolik. Yo te kòmanse rele li “Sè Mary” epi li te pase tout rès vi li ap ede fè edikasyon jenn fi, bay sa ki pa gen kote pou yo rete yo yon kote pou yo rete, epi yon lè li te menm mete lavi li an danje pou pran swen moun lè yon epidemi kolera t ap fè ravaj nan kominote li a an 1832. Malerezman, li te mouri 3 fevriye 1882, epi li te gen tit Sè Mary Lange.

Kounye a la y ap fè demach pou venere li epi Kongregasyon Vatikan pou Kòz Sen yo te louvri yon kòz pou li ka vin yon sen. Lekòl Oblate Sisters of Providence te fonde a toujou ap fonksyone nan Maryland jouk jounen jodiya. Li rele St. Frances Academy kounye a.

Carter G. Woodson te vle kreye mwa selebrasyon moun nwa sa a chak ane pou raple nou enpòtans nou. Pou raple nou pandan n ap kontinye ak ane a, li enpòtan pou nou pran yon ti tan pou nou sonje kote nou soti. Pou nou sonje ak rekonèt travay zansèt nou yo ak chemen yo te trase pou nou.

Se ak menm lide sa a, mwen ta renmen pataje 20 mo ki reprezante Istwa Moun Nwa pou mwen.

Angle Kreyòl Ayisyen
Africa Afrik; Lafrik
African-American Ameriken Nwa
Black Nwa
Culture Kilti
Dream Rèv
Emancipation Emansipasyon
Equal Egal; egalego
Equality Egalite
Freedom Libète
Gathering Rasanbleman
Heritage Eritaj; patrimwàn
History Itwa; Listwa
Independence Endepandans
Inventor Envantè
Leader Lidè
March Mach; Manifestasyon
Peace Pè; Lapè
Prayer Priyè; Lapriyè
Pride Fyète
Resistance Rezistans
Unity Inite; Linite

You Might Also Like

Comments ( 1 )

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *