May 03, 2020

Ewo Ayisyen nan Domèn Lasante

Travayè Lasante yo te toujou travay depase epi moun pa apresye travay yo ase, men, ak kriz COVID-19 aktyèl la, sa pi vre kounye a pase avan. Doktè, enfimyè ak pèsonèl lopital toupatou sou latè ap travay koulye a nan yon twoub laperèz kote tout bagay tèt anba melanje ak ensètitid. Sa mete sante yo ak sante fanmi yo an danje pou pwoteje sante pa nou. Pou rezon sa a ak lòt ankò, yo merite rekonesans nou enfiniman.

An nou pran moman sa a pou apresye epi selebre twa (3) ewo Ayisyen nan domèn lasante.

Lè nou panse ak travayè lasante yo, anpil fwa nou panse imedyatman ak moun nou kominike ak yo dirèkteman lè n malad. Doktè yo, enfimyè yo ak moun k ap ede yo. Nou souvan bliye enjenyè yo ak chèchè nan domèn medikal yo ki ba yo zouti yo itilize pou pran swen nou yo.

Doktè Gérard A. Alphonse se yon enjenyè, fizisyen epi chèchè nan domèn medikal yo respekte anpil. Li fèt ann Ayiti, Yo konnen l pou gwo kontribisyon li pote nan teknoloji imajri medikal n ap itilize Jodi a. Doktè Alphonse te gradye nan New York University nan lane 1958 ak yon Lisans an Syans ak yon Metriz an Syans nan lane 1959 Li kontinye pou l vin yon manm nan ekip teknik Sant Rechèch David Sarnoff la nan Princeton University nan New Jersey, epi li te resevwa yon Doktora nan elektwofizik nan Polytechnic Institute of Brooklyn nan lane 1967.

Nan lane 1986, li te envante dyòd sipèliminesan pi pèfòman mond lan te genyen. Yo toujou ap itilize aparèy nan plizyè fason, sitou nan tomografi-koyerans optik (optical coherence tomography, OCT), yon teknoloji imajri wo rezolisyon yo itilize pou mezire epè retin. Koulye a tès sa a se yon estanda swen ki pèmèt yo detekte maladi ak pwoblèm retin bonè.Yo te nonmen Doktè Alphonse prezidan divizyon Institute of Electrical and Electronics Engineers nan Etazini nan lane 2005 epi aktyèlman li gen plis pase 60 patant tout mond lan.

Yon lòt domèn rechèch medikal, youn ou kapab tande pale de li anpil tou dènyeman, se epidemyoloji. Epidemyoloji se etid ak analiz lasante ak maladi nan popilasyon ki defini. Syantifik ak chèchè nan domèn medikal toujou devan lè gen pandemi, yo travay di pou devlope vaksen epi pou detèmine koz ak modèl maladi a. Epidemyolojis sosyal yo, kwak yo sanble ak syantifik ak chèchè nan domèn medikal yo, fokis plis sou popilasyon an li menm ak sou ki efè sosyete a genyen sou lasante ak sou maladi a.

Doktè Linda Marc-Clérismé se epidemyolojis sosyal yo pibliye liv li, ki te travay pou chase move mit ki te genyen sou imigran Ayisyen yo. Doktè Linda Marc, fèt Queens nan New York. Paran li yo se Ayisyen. Li te resevwa yon Doktora an Syans nan Havard School of Public Health, yon Metriz an Sante Piblik nan Yale School of Public Health ak yon Lisans an Sikoloji nan St. John’s University (New York).

Domèn etid li se VIH/SIDA epi maladi mantal an Ayiti, epi yo te itilize rechèch li a pou kontrekare move mit ki te di se imigran Ayisyen ki te plis pote VIH/SIDA pase nenpòt lòt popilasyon. Etid la dekouvri gwo diferans ant estimasyon popilasyon ayisyèn nan Etazini fè yo ak estimasyon popilasyon konsila Ayisyen yo te fè yo te responsab move lide yo. Doktè Linda Marc ap travay koulye a kòm direktris nan edikasyon nan Harvard School of Public Health epi li kontinye ap fè rechèch sou pwoblèm sante gwoup minoritè.

Pandan lasyans ak syantifik ki ap kore swen sante yo enpòtan epi yo enfiniman enteresan, nou pa ka bliye sila yo ki mete gwo travay yo an pratik pou pran swen nou fasafas.

Doktè Rose Marie Toussaint se medsen ki gen gwo renome epi yon ekriven ki gen yon istwa enteresan pou l rakonte. Li te resevwa yon Doktora nan Medsin nan Howard University nan lane 1983 epi li te travay pou lopital la jiska lane 1997, lè l te kite pou l al ekri otobyografi l. Otobyografi li,  Never Question the Miracle: A Surgeon’s Story (Pa Janm Kesyone Mirak la: Istwa yon Chirijyen) dekri kòman li te rankontre ak yon prèt vodou ann Ayiti ki te pwofetize ke l ap gen pou li vin yon gwo medsin  ki popilè epi li kontinye rakonte istwa lavi l soti lè l rive Miami kòm yon adolesan pou rive nan wòl li kòm chirijyen an chèf nan sant grèf fwa nan Howard University Hospital. Li te  kreye Fondasyon Nasyonal pou  Grèf (National Foundation for Transplants) nan lane 1983, yon fon ki la pou ede peye grèf pou sove pasyan ki nan bezwen yo. Li ap travay koulye a nan klinik prive, li fokis sou tretman ak prevansyon global.

Soti nan epidemyolojis k ap travay san fatige pou devlope yon vaksen, rive nan doktè ak enfimyè yo ki devan nan lopital yo, pase nan enjenyè yo k ap bay yo ekipman pwoteksyon pèsonèl pou sove lavi, tout moun sa yo merite yon kokennchenn remèsiman ak apresyasyon, pa sèlman pou koulye a, men pou toutan. Yo travay pou kenbe nou an sekirite, kenbe nou an sante epi kenbe nou anvi. Alòs, lave men nou, rete lakay nou, epi gen yon panse pou travayè lasante ewo yo ki pa kapab fè menm jan an pandan pandemi sa a.

Men kèk mo nou tande souvan sou zafè COVID-19

 

Angle Tradiksyon kreyòl
To fall ill, to get sick Tonbe malad
Flu Grip, Lagrip, grip sezon
Cold Rim
Fever Lafyèv

Fyèv

Wash your hands Lave men ou
Wash your face Lave figi ou
Take your medicine Pran medikaman ou

Pran remèd ou

Hospital Lopital
Doctor Doktè
Nurse Enfimyè
Face mask Mask pou figi
To cough Touse
Cough Tous
Dry cough Tous sèk
Shortness of breath Souf kout
Sneeze Estène
Infection Enfeksyon
Virus Viris
Prevent Kwape

Anpeche

Outbreak Eklatman
Epidemic Epidemi
Pandemic Pandemi
Isolation Izolman
Confinement Konfinman
Quarantine Karantèn
Vaccine Vaksen

 

 

Read this article in English.

You Might Also Like

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *