Mar 08, 2020

Twa (3) Fanm Ayisyèn ki te Chanje Direksyon Listwa

Read this article in English.

Chak mwa mas, nou selebre Mwa Istwa Fanm. Se lè sa a nou pwofite selebre reyalizasyon ak kontribisyon fanm yo epi nou rekonèt enpak yo te genyen nan istwa nou. Jodiya n ap selebre lavi twa (3) fanm ayisyèn ki te non sèlman gen yon enpak nan listwa, men ki te patisipe nan chanjman direksyon listwa. Pou kòmanse, an nou pale sou yon fanm ki te deklanche yon revolisyon: Cécile Fatiman.

 

Cécile Fatiman (ki ekri pafwa Fatimah ou Fatima) te rele Cécile Attiman Coidavid lè li te fèt nan zòn 1775 yo. Se te pitit fi yon esklav afrikèn ki te rele Célestina Coidavid ak yon blan franse ki te soti Lakòs. Vrè non Cécile te chanje pandan eslavajis yo t ap mennen li Sen Domeng lè li te gen bò 16 zan yo. Pandan li te laba, li te vin fè pati antouraj ougan Dutty Boukman epi li te vin yon gwo manbo. Se pandan li te yon manbo Cécile te gen pi gwo enpak li sou listwa.

 

Nan mwa out 1791, Cécile te dirije yon seremoni vodou nan Bwa Kayiman kote plizyè santèn rebèl te la. Pandan lwa Èzili te pran li, Cécile te pwofetize yon leve kanpe epi li te mande moun ki te nan seremoni a pou yo fè kolon blan yo peye pou zak yo. Anpil moun kwè seremoni sa a se premye evènman ki te deklanche revolisyon ayisyèn nan. Paske detwa jou pita, yon gwoup rebèl ayisyen te asyeje Sen Domeng. An 1811, ti sè Cécile ki te rele Marie Louise Coidavid te vin Rèn Konsò Ayiti jiska 1820. Cécile li menm li te vin premyè dam Ayiti an 1845 lè mari li Jean-Louis Michel Pierrot te pran pouvwa kòm Prezidan Ayiti. Se yon pèsonaj yo te respekte anpil epi li te mouri an ewoyin an 1887. Li te gen 112 zan.

Seremoni Bwa Kayiman

Cécile Fatiman se youn nan moun ki te antèt seremoni ki te pouse esklav yo pou goumen pou libète yo.  Pandan 12 lane apre seremoni sa a, te gen yon gè kote revolisyonè yo te goumen pou endepandans yo. Se te sèl gwoup esklav nan istwa limanite ki te janm reyalize rèv sa a.

 

Sanité Bélair, ki rele Suzanne Belair pafwa tou, te youn nan detwa grenn fanm ki te goumen pandan revolisyon ayisyèn nan. Li te fèt yon afranchi, ki vle di yon nwa ki te lib, an 1801 nan Vèrèt. Sanité te marye ak Lyetnan Charles Bélair an 1796 epi yo te antre nan lame tonton li, lidè revolisyonè Toussaint Louverture. Yo te goumen nan gè a, kòtakòt, epi yo te an tèt atak pandan revòlt Latibonit la. Lame franse a te arete Sanité an 1802 epi mari li te pote tèt li bay yo pou yo te ka jije yo ansanm.

 

Yo te fizye Charles Bélair epi yo te sipoze koupe tèt Sanité paske li te yon fanm. Men, li pa te dakò. Li te mande pou yo fizye li tou epi li te refize pou yo mare je li. Sanité te mouri yon ewo revolisyonè, epi pandan Bisantnè Endepandans Ayiti a, yo te mete imaj Sanité sou biyè 10 goud la. Se sèl fanm ki te sou seri sa a.

 

Grasa kouray moun tankou Sanité Belair, koloni franse Sen Domeng la te vin Lanpi Endepandan Ayiti 1ye janvye 1804. Se te premye repiblik nwa. Evènman istorik sa a te mande pou kreye yon nouvo senbòl idantite ak fyète ayisyen.

 

Catherine Flon se te fiyèl Lidè Revolisyonè Jean-Jacques Dessalines. Pou anpil moun, li se yon senbòl nasyonal endepandans Ayiti. Nou pa konnen anpil bagay sou anfans li, men nou konnen li te fèt Akayè epi paran li yo te komèsan twal. Li te aprann koud depi li te piti epi li te vin yon gran koutiryèz ak pwòp atelye li. Lè gè a te kòmanse, paran li yo te ale an Frans men Catherine te ensiste pou rete pou ede nan batay pou lendepandans lan. Jou ki te 18 me 1803, dènye jou Kongrè Akayè a, yo te bay Catherine moso drapo franse parenn li te chire. Li te koud moso ble ak wouj yo ansanm, apre li te retire pati blan an nèt epi li te kreye premye drapo Ayiti. Yo rele lakay li Akayè “Vil Drapo a” epi kote endepandans Ayiti te jwenn nesans li.

Catherine k ap koud nouvo Drapo Ayiti a.

Revolisyon ayisyèn nan te mande anpil fòs ak kouray epi nou te pote laviktwa. Akòz echèk Lafrans nan koloni Sen Domeng la, yo te oblije vann Lwizyàn bay Etazini. Twa (3) fanm sa yo, ak lòt fanm tankou yo, te jwe yon gwo wòl nan viktwa sa a. Nou dwe sonje ak onore kouray avèk sakrifis yo tout tan gen tan.

Men yon lis mo pou onore tout fanm alawonnbadè epi sitou sa yo k ap goumen pou egalite.

 

Angle Kreyòl
Women Fanm

Fi

Heroine Ewoyin

Fanm vanyan

Pillar Potomitan

Pilye

Equality Egalite
Equal Egalego

Egal

Bias Paspouki

Patipri

Diskriminasyon

Opportunities Opòtinite
Rights Dwa
Women’s Rights Dwa Fam
Household Fwaye
Feminism Feminis
Feminist Feminis
Harassment Tizonnay

Asèlman

Leader Dirijan
Mature Woman Fanm Total
Mother Manman
Sister

You Might Also Like

Leave a Comment

Your email address will not be published. Required fields are marked *