Here is another fable from our collection. This one is from Aesop’s Fables: The Bat and the Weasels. Since we are not familiar with weasels in Haiti, we changed it to mongoose. It is an animal found in Haitian wildlife that looks very much like the weasel.
Men yon lòt ti kont nan koleksyon nou an. Sila a se yo kont Ezòp: “The Bat and the Weasels”. Tradiksyon Weasel an kreyòl se belèt. Pliske Ayiti nou pa abitye ak bèt sa a, nou mete mangous pito. Se yon bèt ou jwenn nan raje Ayiti ki sanble koupe tèt ak belèt la.
Here is a little vocabulary / Men yon ti vokabilè:
Birds <> zwazo, volay, bèt ki vole
Weasel <> belèt
Bat < > chòvsourit
Mouse/Mice <> sourit
Mongoose <> mangous
Yon Mangous te met lapat sou yon Chòvsourit pandan l te tonbe atè.
Chòvsourit la te priye nan pye l pou l pa touye l.
Mangous la te di non paske natirèlman li se lennmi tout bèt ki vole.
Chòvsourit la te reponn li pa bezwen touye l paske li pa yon zwazo, li se yon sourit, epi se konsa Mangous la te lage l.
Yon ti tan apre, Chòvsourit la te tonbe atè ankò epi yon lòt Mangous te kenbe l.
Li te sipliye Mangous sa a pou l pa manje l tou.
Mangous sa a menm li te di li pa vle wè sourit ak je.
Chòvsourit la te sèmante li pa yon sourit, men yon chòvsourit, epi se konsa l te chape yon dezyèm fwa.

Marleen is a Haitian Creole translator and Language Advocate. After completing her Graduate Studies at the Institut d’Etudes Politiques de Paris (SciencesPo), she decided to launch Creole Solutions to focus on her mission to promote Haitian language and culture. She worked for the Consulate General of Haiti in Chicago and the United Nations Environment Program in Haiti.
Marleen se yon tradiktris k ap travay pou defann dwa lang. Apre li te fini ak etid siperyè li nan Institut d’Etudes Politiques de Paris (SciencesPo), Marleen te deside lanse Creole Solutions pou konsantre sou misyon li pou voye lang ak kilti lakay monte. Avan sa li te travay pou Konsila Jeneral Ayiti nan Chikago ak Pwogram Nasyonzini pou Anviwònman an Ayiti.