This is an adaptation of The Frog, and House, and the Hawk
Vwala se yon Sourit ki te toujou rete sou tè, epi mal chans pou li, li te vin nan kòkòday ak yon Krapo ki te pase prèske tout tan li nan dlo. Yon jou, nan fè kòken, Krapo a te mare pye sourit la byen mare ak pye pa li. Pandan yo te makonnen ansanm, premye bagay Krapo a te fè se mennen zanmi li Sourit la nan savann kote yo te abitye al chèche bagay pou yo manje a. Apre sa, li te rale Sourit la nan dlo li te rete a piti-piti, jiskaske yo te rive nan rebò a, epi li te sote bridsoukou, pandan l ap trennen Sourit la. Krapo a te pran plezi li nan dlo a nètalkole, epi li t ap rele « kwak kwak» pandan li t ap naje, kòmsi se yon byen li t ap fè.
Sourit la menm kè li pa te kontan ditou epi dlo a te rive toufe li. Pòdjab Sourit la, kadav li t ap flote sou dlo a ak pye li ki te makonnen ak pye Krapo a. Yon malfini ki t ap veye sa ki t ap pase a te fonse sou yo, li te pran Sourit la ak grif li, epi li te vole. Paske pye Krapo a te toujou mare ak Sourit la, Malfini an te tou pran li tou, epi li te manje li.
Sa ou fè se li ou wè.
Vocabluary :
English | Haitian Creole Translation |
Mouse | Sourit |
Krapo | Frog |
Hawk | Fokon, Malfini |
Tied together | Makonnen |
Dead body | Kadav |

Marleen is a Haitian Creole translator and Language Advocate. After completing her Graduate Studies at the Institut d’Etudes Politiques de Paris (SciencesPo), she decided to launch Creole Solutions to focus on her mission to promote Haitian language and culture. She worked for the Consulate General of Haiti in Chicago and the United Nations Environment Program in Haiti.
Marleen se yon tradiktris k ap travay pou defann dwa lang. Apre li te fini ak etid siperyè li nan Institut d’Etudes Politiques de Paris (SciencesPo), Marleen te deside lanse Creole Solutions pou konsantre sou misyon li pou voye lang ak kilti lakay monte. Avan sa li te travay pou Konsila Jeneral Ayiti nan Chikago ak Pwogram Nasyonzini pou Anviwònman an Ayiti.