CREOLELINK® · RESOUS GRATIS

Gid Òtograf Kreyòl Ayisyen

Chèche yon règ, li yon eksplikasyon kout, gade egzanp yo, epi teste konesans ou. Gid sa a sèvi ak Premye Rezolisyon Akademi Kreyòl Ayisyen an (2017) ak Dezyèm Rezolisyon an (2023).

Nòt enpòtan: Lè de rezolisyon yo diferan, rezolisyon 2023 a gen priyorite. Sa a se yon resous pedagojik CreoleLink, se pa yon piblikasyon ofisyèl AKA.

Règ yo, yon pa alafwa

Eksplikasyon yo kout. Pou plis detay, konsilte paj rezolisyon AKA yo.

Chif, nonb, laj ak lè

Pou dispozisyon 9–16 yo, konsilte gid detaye a: tablo nonb 0–19, nonb ki ekri kole oswa dekole, nonb òdinal, laj, lè ak egzèsis.

Louvri gid chif ak nonb la →
01

24 lèt, 32 grafèm

Alfabè a gen 24 lèt ki sèvi pou fòme 32 grafèm. Yon grafèm ka genyen youn, de, oswa twa lèt. OUN se trigraf la.

a · ch · ng · oun

AKA 2023 · Dispozisyon 1 · p. 6–9

02

Aksan grav: E/È ak O/Ò

Aksan grav la ede nou fè diferans ant son E ak È, oswa O ak Ò. Li ka make yon A oral devan N tou.

pe / pè · lo / lò · pan / pàn

AKA 2017 · Dispozisyon 7 · p. 11; AKA 2023 · p. 7

03

Fòm long ak fòm kout

Kèk pwonon ka pran yon fòm kout. Fòm kout yo rete separe ak mo ki vini anvan oswa apre yo; pa mete apostwòf pou kole yo.

M ap vini. · N ap dòmi. · Y ap pran l.

AKA 2017 · Dispozisyon 2–3 · p. 8–9

04

Yon mo oswa de mo?

Rezolisyon 2023 a bay tès pou deside si yon ekspresyon ekri kòm yon sèl mo oswa plizyè mo. Pa egzanp, gentan ak gen tan pa sèvi menm jan.

Li gentan ale. · Li gen tan pou l dòmi.

AKA 2023 · Dispozisyon 2–5 · p. 10–11

05

Lè « an » se yon mo apa

Lè « an » sèvi kòm prepozisyon, nou ekri li apa. Lè li fè pati yon lòt mo, òtograf la ka diferan.

an bwa · an Ayiti · anba · anlè

AKA 2023 · Dispozisyon 6 · p. 12–13

06

Ekri chif ak nonb

AKA ekri nonb 0–19 kòm yon sèl mo; li bay règ espesyal pou 21, 31, 41, 51 ak 61, epi pou nonb ki pi long yo.

uit · dizuit · venteyen · swasann dis

AKA 2023 · Dispozisyon 9–14 · p. 15–16

07

Laj ak lè

Nan ka laj, rezolisyon an bay plizyè fòm ki posib, tankou an, ane, lane ak zan. Pou lè, li bay egzanp ak è oswa zè selon kontèks.

2 zan · 23 an · li senk è · li de zè

AKA 2023 · Dispozisyon 15–16 · p. 17

08

Tirè ak non konpoze

Rezolisyon 2023 a dekri itilizasyon tirè pou kèk mo syantifik, non pwòp konpoze, dyalòg, dat ak entèval.

Jan-Pyè · 20–30 km · 23-01-2022

AKA 2023 · Dispozisyon 17 · p. 18–19

PRATIKE · 7 KESYON

Ekri Kreyòl San Erè

Chwazi yon repons. N ap montre règ ki esplike li anvan ou ale nan pwochen kesyon an.

KESYON 1 / 7

Ki fraz ki respekte òtograf fòm kout la?

For English-speaking reviewers and AI teams: Understanding Haitian Creole — Orthography & AI →