Etap 1 · Gade

Look closely

Gade byen anvan ou li. Pa chèche konprann tout bagay tousuit. Gade sa ou deja rekonèt.
Look closely before you read. Do not try to understand everything yet. Notice what you already recognize.

Peze ikòn odyo yo nan imaj la pou tande kèk mo kreyòl.
Tap the audio icons in the picture to hear a few words in Kreyòl.

🧠 Fouye nan memwa ou
Dig into your memory.

Anvan nou aprann nouvo mo, gade ki kantite Kreyòl ki deja nan tèt ou. Eseye dekri sa ou wè nan imaj la.
Before we learn new words, see how much Kreyòl is already in your mind. Try to describe what you see in the picture.

👥 Moun oswa bagay ou wè 🎨 Koulè 🙂 Ekspresyon vizaj 🏃 Sa k ap fèt

Pa bezwen fè yon fraz pafè. Ou ka kòmanse ak yon sèl mo.
You do not need to make a perfect sentence. You can start with just one word.

✍🏾 Ekri sa ki vin nan tèt ou
Write what comes to mind.

Ekri kèk mo oswa yon fraz sou sa ou wè. Repons ou yo ap rete anrejistre sou aparèy sa a.
Write a few words or a sentence about what you see. Your answers will stay saved on this device.

💬 Kenbe repons sa yo pou konbit la. N ap retounen sou yo ansanm pou wè ki lòt mo ak fraz ou ka ajoute.
Keep these answers for the live session. We’ll come back to them together and see what new words and sentences you can add.