Read the story
Krik?
Di « Krak! » byen fò, epi ouvri istwa a.
Say “Krak!” out loud, then open the story.
Krak!
While you read…
Pa rete sou chak mo ou pa konnen. Li pou w suiv istwa a epi remake mo ou te tande nan etap KOUTE a.
Don’t stop at every word you don’t know. Read to follow the story and notice words you heard during KOUTE.
Yon madanm ak mari li t ap vwayaje anba yon gwo solèy midi. Yo te ale anba lonbray yon pye mapou pou yo repoze. Pandan yo kouche, y ap gade fèy pye bwa a. Yo te remake se yon pye mapou. Madanm nan di : « Pye mapou yo pa itil anyen ! Yo pa menm bay fwi, epi se sal yo sal lakou a ak fèy yo. »
Yo tande yon vwa ki soti nan pye bwa a ki di : « Men, nou pa manke engra ! Nou chita anba frechè lonbray mwen epi nou di mwen pa itil anyen. O, lèzòm pa gen okenn rekonesans menm ! Menm lè yo jwenn yon benediksyon, yo jwenn yon fason pou pale li mal. »
Se pa ti sezi mesye dam yo te sezi. Yo leve tou dousman, san bri, san kont, epi yo al fè wout yo.
Take a moment.
Apre ou fin li istwa a, èske gen yon mo oswa yon fraz ou konprann pi byen kounye a pase lè ou te sèlman tande li?
After reading the story, is there a word or sentence you understand better now than when you only heard it?
Want to learn more about the mapou tree?
Nan Kafou Konesans, w ap dekouvri plis sou pye mapou a ak plas li nan kilti ayisyen.
In Kafou Konesans, you’ll discover more about the mapou tree and its place in Haitian culture.
