Wa Bèf ak Wa Sourit
Nan tan ginen, yon ti bouk te fin kraze nèt apre yon goudougoudou te fin pase. Tout abitan te blije mare pakèt yo kite bouk la. Sèl sourit yo ki te deside rete la pou yo viv. Te gen yon gwo basen dlo tou pre bouk la. Se la yon bann bèf te konn ale pou yo benyen ak bwè dlo. Chwa fwa yo pase bò kay sourit yo, bèf yo te konn pilonnen sourit yo. Pòdjab sourit yo, lè konsa tout sourit se te dlo nan je. Apre anpil sourit te pati nan peyi tèt san chapo, sourit yo te di yo bouke atò. Wa Sourit te leve li ale kote Wa Bèf epi li di,